PATI KÒTAKÒT
top of page
Event Info: Events

Sun, Oct 30

|

ITIAHaiti

ASPÈ EKONOMIK LANG KREYÒL LA

Bèl bwase lide sou lidèchip, antreprenarya, sivik, etik epi moral, yon fason pou elaji chan enspirasyon jèn kontanporen yo. ITIAHaiti dekòtike yon seri peryòd nan literati, pale sou atizay yon seri gran ekriven, reyalizasyon syantifik, epi trete sijè aktyalite.

Registration is Closed
See other events
ASPÈ EKONOMIK LANG KREYÒL LA
ASPÈ EKONOMIK LANG KREYÒL LA

Time & Location

Oct 30, 2022, 3:00 PM – 5:00 PM EDT

ITIAHaiti

Guests

About the Event

JWENN NOU SOU ZOUM!

Patisipan yo te tanmen reyinyon-an an anglè pandan yon 30èn minit, kote yo t ap koze sou timoun ayisyen k ap viv nan dyaspora ki pa vle pale kreyòl. Liknani, yon patisipan k ap viv Boston epi ki nan domèn epsikoloji ta fè wè enpòtans sa t ap genyen si Leta ta kreye yon fason pou ankouraje apywi moral ak epsikolojik nan popilasyon-an. Mesye dam yo te pale pi rèd pase palmantè k ap defann yon koz nan lang blan. Yon reyalite ki pwouve jan jèn fanm ak gason Ayisyen ta gen bon diskou nan defann sa ki bon jounen jodi-a nan près entènasyonal la. Yo ta pare pou pwomote peyi yo nan kèlkeswa peyi yo ta tonbe, epi fenk kare fè pwomosyon pou moun eksprime yo nan lang yo pi konfòtab la.

Yo te ouvè parantèz tou sou kèk pratik ki genyen nan yon seri peyi ki ta diferan lakay yo, Ayiti, tankou manje chen. Youn te echanje nimewo ak lòt, epi nouvo patisipan yo ta jwenn gwoup whatsapp ITIAHaiti-a nan optik pou kontinye sosyalize youn ak lòt epi pataje pwofil rezo sosyal yo bay tout rès òganizasyon-an. Youn nan pawòl nouvèl Liknali ta fè make jounen-an se: "Lè w pa leve ak paran w, ou grandi pi vit." Beti pa t kache devwale gwo travay li ap fè nan vil natal papa li Jeremi, Ayit, kote li kontribiye nan fè klas an ling, epi Liknali ki ta menm devwale patisipasyon li nan ede de (2) timoun peye lekòl Ayiti chak ane. 

Nou regrèt reyinyon-an pa te anrejistre akoz reta ki te genyen pou li byen pran. Men kòm abitid, chak dènye reyinyon vityèl ITIAHaiti yo toujou pi bèl epi diferan. Pou avanse ak manman koze diskisyon-an, Pwofesè epi ekriven Beti ta sigjere kreyasyon aplikasyon telefòn k ap pèmèt pwomosyon lang lan fèt pi byen. Liknali ta wè reyalizasyon chèn Youtib ak biznis an ling ta ka yon plis pou fè lang manman ravitaye. Lengwis Pyè Rikado ta ale pi lwen pou ankouraje pwomosyon mizik preyòl yo tou, jan ITIAHaiti ta renmen wè kilti-a k ap taye bandan l atravè yon kilti ki anseyab, menm nan lekòl. Patisipan yo ta touche aspè touristik lang kreyòl la ki pa bay touris yo enterè pale lang manman menm anvan yo ta vizite Ayiti. 

Pou kòlèg Pyè Rikado Jan-Batis, peyi-a bezwen kreye pwodywi ki ka pouse mache entènasyonal la vin achte lang lan tou, menm jan anpil nan nou oblije pale anglè ki vin sanble tounen yon pwofesyon kounye-a. Se te yon rankont de zè (2è)  tan ki ta enspire nou jan sa t ap nesesè pou fè tout popilasyon-an jwenn enterè yo nan aspè ekonomik lang lan ki se yon  richès totsl kapital k ap gaspiye.

Wilsonn Thelimo Lwi 

Moderatè seyans dyalòg la.

This event has a group. You’re welcome to join the group once you register for the event.

Tickets

  • DYALÒG

    Konferans sou Lidèchip, antreprenarya, sivik epi moral, yon fason pou elaji chan enspirasyon jèn kontanporen yo. Nan ribrik sa, ITIAHaiti dekòtike yon seri peryòd nan literati, pale sou atizay yon seri gran ekriven ak reyalizasyon syantifik, epi trete sijè aktyalite.

    $0.00
    Sale ended

Total

$0.00

Share This Event

bottom of page